Pa rete tann jouk lè tibebe ou fèt, CHACHE ÈD: Rele Liy Èd “Safe Haven for Newborns” nan. Liy sa a ouvri 24 sou 24, li gratis ak epi tout koutfl ap rete an sekrè. Nimeo a se 1-877-767-2229.
N ap ede tout moun – Tout koutfil ap rete an sekrè..
Sonje sa! -Lavi ou menm ak bebe w la enpòtan.
Klike LA si w bezwen èd epi w pa p viv nan Eta Florida.
A “Safe Haven for Newborns” la pou ede fanm tout laj, kòmanse lè yo aprann yo ansent la, pandan tout gwosès la, jiska menm apre bebe a fin fèt. Nou vle yo konnen gen èd pou yo anvan yo rive nan yon sitiyasyon ki twò grav lè y ap deside sa pou fè ak nouvo ne yo a, epi tou gen yon refij pou yo kite bebe yo tan pou yo kite li yon kote ki danjere oswa abandone bebe a.
A Safe Haven for Newborns la pou ou.
Rele “A Safe Haven for Newborns”: 1-877-767 BABY (2229)
• Si w ansent oswa ou panse w ansent epi w pa konn sa pou w fè
• Si w ap kache gwosès ou oswa w konnen yon moun kache gwosès pa li
• Si w ansent epi w pa gen yon doktè k ap ba w swen.
• Si w ansent epi w ap konsidere “Safe Haven” kòm yon chwa oswa ou vle konn plis detay sou pwogram nan.
Ou enpòtan pou nou epi nou vle w konnen ou pa sèl. Nou la pou ede ou. Koutfil ou an ap rete an sekrè.
Nou rekonèt ou kapab gen laperèz lè ou vin konnen ou ansent. Ou ka pa konnen si w vle pitit la oswa sa pou w fè ak li lè li fèt. Nou konnen sa mande anpil kouraj pou w al chèche èd lè w ansent epi w pa konn sa pou w fè. Nou konprann ou ka pa konn si pou w kenbe pitit la ou pa. Nou la pou ede w, nou pa la pou jije w. Tan pou w fè chwa ki pi grav la epi w abandone timoun nan.
Nou vle ede w pran desizyon ki pi bon pou ou menm ak bebe w la. Sa kapab ak konsèy, jan pou leve timoun, pwoblèm lasante, adopsyon, oswa depoze tibebe yo a nan yon lokal “Safe Haven” san moun pa bezwen konn afè w.
Manman oswa papa yon nouvo ne ka mennen pitit la nan yon lokal “Save Haven”. Lalwa di w ap rete anonim – ou pa bezwen ki pèsòn kiyès ou ye, bay non ou, oswa non bebe w la. Si w pataje enfòmasyon sa yo ak nou nan “Safe Haven”, nou p ap pataje yo ak okenn moun.
Gade Kesyon moun poze souvan yo ki pi ba a……………
Pou kisa gen yon bezwen pou Safe Haven?
Se pa tout gwosès ki planifye. Se pa tout fanm ki pare pou fè yon timoun epi sa ka vin twouble yo ak mete yo nan laperèz paske yo pa konn sa pou yo fè. Lwa Safe Haven pèmèt manman (oswa papa) sa yo pote tibebe yo pa te fè mal (ki gen jiska 7 jou) nan yon Safe Haven tan pou yo lage yo yon kote ki danjere, oswa fè yon bagay yo ka regrèt pita. Safe Haven kreye yon altènatif pou tifi/fanm ki te ka komèt yon gwo zak paske yo pè ak dezespere epi detwi de vi, pa yo ak pa bebe yo a. Ki kote yon moun ka depoze bebe li nan pwogram “Safe Haven” nan?
Ki kote yon moun ka depoze bebe li nan pwogram “Safe Haven” nan?
• Nou ka depoze tibebe a nan men yon travayè oswa yon anplwaye nan nenpòt lokal Safe Haven (pa sèlman sa ki pi pre w la). Lokal sa yo se: saldijans yon lopital, yon estasyon ponpye, oswa yon estasyon sèvis medikal ijan nan eta Florida.
• PA BLIYE, OU DWE DEPOZE BEBE A NAN MEN YON MOUN NAN YON LOKAL SAFE HAVEN. Se sèl fason w ap sèten bebe a p ap an danje epi y ap okipe li byen. Anpil lopital ak tout estasyon ponpye ak Sèvis medikal ijan ki gen moun k ap travay 24 sou 24 gen pano ak logo nou ansanm ak nimewo liy èd nou deyò a.
Pa bliye fè bagay sa yo:
• Kite bebe a nan men yon moun ki pote yon idantifikasyon vizib ki di y ap travay kote w ale pou depoze bebe a.
• Di moun nan ou vle kite pitit ou a ak “Safe Haven”.
==============================================================
• Y ap pouswiv yon moun ki lage yon bebe yon kote ki pa Safe Haven oswa ki lage bebe a yon kote ki danjere devan lajistis paske se yon krim.
• Y ap pouswiv yon moun ki lage yon bebe nan yon lokal “Safe Haven” men ki pa kite li nan men yon moun k ap travay nan lokal sa yo devan lajistis paske se yon krim.
• Yo PAP Pouswiv moun ki kite yon bebe nan yon lokal “Safe Haven” nan men yon moun k ap travay nan youn nan lokal sa yo pou okenn krim epi l ap rete anonim.
Kisa k ap rive moun nan lè l depoze bebe a nan men yon moun k ap travay nan Safe Haven?
• Moun k ap depoze bebe a pa oblije reponn okenn kesyon.
• Pa gen pèsòn ki pral chèche konnen kiyès ou ye.
• Pèsonèl lokal Safe Haven nan ka ofri w asistans medikal epi yo ka poze w kesyon sou kijan sante bebe ye (klike la a pou fòm nan) pou yo mete nan dosye li paske sa ka ede reponn kesyon sou sante li demen.
• Moun k ap depoze tibebe a ka mande enfòmasyon sou ki kote yo ka jwenn èd pou tèt yo.
• Si yo depoze yon bebe nan yon lokal Safe Haven, epi se ak pèsonèl lokal la, yo p ap pouswiv moun nan pou okenn krim epi l ap rete anonim.
Poukisa yon moun ta chwazi Safe Haven?
Se yon opsyon ki san danje epi ki konfidansyèl ak legal tan pou w abandone yon nouvo ne yon kote ki danjere pou li al mouri paske souvan se sa ki rive.
Lè w chwazi A Safe Haven for Newborns:
– Ou sove lavi yon timoun, epi sa pèmèt li grandi pou li vin yon moun demen.
– Manman/papa a p ap bezwen pase rès vi li santi li an tò epi lajistis p ap pouswiv li pou yon krim.
– Paran k ap tann pou adopte yon timoun reyalize rèv ak espwa yo.
Poukisa nou bezwen Lwa Safe Haven?
Gen manman ki lage nouvo ne yo pou mouri paske yo kwè, nou pa konn pou ki rezon, yo pa gen okenn lòt chwa. Pandan pa gen okenn moun ki ka vrèman konprann poukisa yon moun ta mete lavi yon timoun inosan an danje, souvan manman (ak papa) ki abandone yon nouvo ne panse li pa gen okenn chwa, epi li santi li poukont li san sekou. Lè y ap viv moman difisil sa a poukont yo, y ap goumen ak pwoblèm yo pa ka jere sikolojikman oswa emosyonèlman.
Èske nou pa ka ede tifi/fanm sa yo avan yo rive nan sitiyasyon sa a?
WI! Nou souliye sou “Tanpri pa tann se lè pitit ou a fèt.” Nenpòt moun ka rele liy telefòn nou an ki louvri 24 sou 24 nan 1-877-767-BABY(2229). Nou swete tifi/fanm ak pwòch yo pral rele nimewo sa a avan yo akouche pou evite yon sitiyasyon ki vin twò grav lè bebe a fèt. Nou vle manman yo konnen yo pa poukont yo, gen moun ki vle la pou yo epi y ap gen èd ki disponib pou yo an sekrè.
Tout bagay ap rete sekrè.
• Pèsonèl nou yo se moun ki gen bon kè ki pral ede w nan moman ou gen bezwen sa a epi yo p ap janm jije w.
• Se yon liy èd ki mache nan tout eta a, li gratis epi gen moun ki pale plizyè lang k ap reponn pou bay rekòmandasyon 24 sou 24, chak jou (1-877-767-2229).
• Li pou nenpòt moun ki vle konnen kijan yon fanm ansent nan Florida ka jwenn èd, an plis enfòmasyon y ap bay sou Safe Haven.
Kijan pèsonèl “Safe Haven” nan fè pou verifye si bebe a gen sèt (7) jou oswa pi piti?
Yo p ap mande w prèv laj bebe a, men y ap detèmine si tibebe a sanble li fenk fèt.
Èske se vre yo p ap rele lapolis? E sèvis pou pwoteksyon timoun oswa DCF?
Yo p ap rele lapolis oswa Department of Children and Families depi moun nan respekte lalwa:
• Yo pa te fè bebe a mal
• Bebe a gen anviwon 7 jou oswa pi piti
• Yo depoze pitit la nan yon lopital, yon estasyon ponpye oswa yon estasyon Sèvis Medikal Ijan epi yo kite li nan men yon moun k ap travay la
Si paran yo respekte règ sa yo, yo p ap pouswiv yo pou abandon oswa neglijans epi y ap rete anonim.
Kisa k ap pase tibebe an?
• L ap resevwa sèvis medikal, si li bezwen, swa nan lokal Safe Haven nan oswa lopital ki pi pre a.
• Lopital la ap kontakte yon ajans adopsyon ki gen lisans pou plase timoun ak paran ki kalifye pou adopte epi ki nan lis ap tann pou adopte yon timoun ka adopte bebe a.
E dwa papa a?
Pwogram sa a pa chanje okenn lwa ki genyen kounye a sou dwa papa.
E si paran yo chanje lide epi yo vle pitit yo?
Yon paran yon nouvo ne ki depoze li fason ki detaye la a ak sou pwogram “Safe Haven” nan ka reklame tibebe a jiska dat tribinal la pwononse yon jijman ki koupe dwa parantal li, ki se nan anviwon 30 jou. Reklamasyon pou yon tibebe dwe fèt kote enstitisyon pitit la nan men li a oswa ki gen gad legal li a oswa devan tribinal y ap tann pou fè jijman pou tibebe a.
Mwen ta renmen adopte yon tibebe yo te depoze nan yon “Safe Haven”. Kiyès pou m kontakte?
Si w enterese adopte yon timoun rele sant enfòmasyon Florida a nan 1-800/96-Adopt epi klike LA pou:
– Aprann plis detay sou etap pou swiv nan adopsyon.
– Gade yon lis ajans “Safe Haven” ki gen lisans pou plase timoun nan Florida.
– Gade lòt lyen ki ka itil ou.
Èske kalite lwa sa ankouraje moun abandone tibebe yo?
Non, li dekouraje moun abandone tibebe yo yon fason ki danjere epi li sove lavi yo – kite yon tibebe nan yon “Safe Haven” se dènye chwa a epi li pi bon pase abandone yon tibebe kote li gen plis chans mouri. Nou ankouraje manman an pale ak yon moun menm si tibebe a fèt deja epi nou ankouraje li pou l swa kenbe tibebe a oswa ale nan sikwi nòmal pou fè adopsyon yo. Epi tou nou ankouraje li al resevwa swen prenatal.
Nou kwè – Si nou sove lavi yon timoun, tout jefò nou pa an ven!
Èske “A Safe Haven for Newborns” ak “Safe Place” se menm pwogram nan?
• Non – Se de pwogram konplètman diferan –
• Pwogram “Safe Place” nan se yon pwogram ki bon anpil pou adolesan (timoun ki pi piti pase 18 an) ki gen pwoblèm ak abi, neglijans, ki pèdi oswa nan yon sitiyasyon danjere ak yon chofè ki sou oswa neglijan oswa ki jis anvi pale ak yon moun sou yon pwoblèm.
• “A Safe Haven for Newborns” se yon lwa Florida ki pèmèt yo plase yon tibebe yo pa te fè mal, ki gen jiska anviwon 7 jou, nan pèsonèl yon lokal Safe Haven: nenpòt lopital, estasyon ponpye, oswa estasyon sèvis medikal ki gen pèsonèl k ap travay, san yo pa poze okenn kesyon, konplètman anonim, san lajistis p ap pouswiv li.
Èske lòt eta yo gen yon lwa konsa?
Tout 50 eta yo te pase yon lwa ki yon vèsyon “Safe Haven”. Nou gen enfòmasyon disponib ou sitwèb nou an.
E si mwen gen kesyon nou pa abòde la a?
• Si w nan yon sitiyasyon ki grav anpil, rele liy èd ki ouvri 24 sou 24 pou bay rekòmandasyon an: 1-877-767-2229.
Imèl sa a gen pwoteksyon kont wobo k ap voye mesaj otomatik. W ap bezwen JavaScript aktive pou gade li oswa rele nou nan biwo administratif nou an: 305-882-1304, pòs 103.
Kijan mwen ka ede?
• OFRI tan ou – gen plizyè fason ou ka ede, (klike la) pou aprann kijan: Ou ka voye yon imèl ba nou tou nan safehaven@asafehavenfornewborns.com. Imèl sa a gen pwoteksyon kont wobo k ap voye mesaj otomatik. W ap bezwen JavaScript aktive pou gade li oswa rele nou nan biwo administratif nou an: 305/882-1304, pòs: 103.
• DON: Nou se yon òganizasyon 501(c)3 prive nan Florida epi don ou ap ede nou kontinye sove lavi timoun piti. Ou ka fè yon don pa entènèt (klike la) oswa voye don ou pa lapòs nan:
Gloria M. Silverio Foundation “A Safe Haven for Newborns”
6801 NW 77th ave. Suite 404 Miami, FL 33166
Al chèche èd…Rele Liy Èd “A Safe Haven for Newborns” nan 24 sou 24. Li gratis epi tout koutfil ap rete an sekrè.
Rele nan: 877-767-2229.
N ap ede tout moun…Tout koutfil ap rete sekrè! Klike la a pou telechaje yon dokiman PDF Kesyon Moun Poze Souvan.