Ede nou kontinye sove lavi, tankou tibebe presye sa yo..……

A Safe Haven for Newborns la pou defann ti inosan presye ki fèk fèt sa yo epi li devwe pou jwenn tifi ansent ak manman pitit avan pwoblèm yo vin twò grav. Se nou menm ki ofri pwoteksyon, nou ka menm di nou se dènye chans, pou yon ti fi ansent ak manman pitit ansanm ak pitit li ki fèk fèt la nan moman difisil sa a. Souvan se yon sitiyasyon lavi ou lanmò kote nou ka sove lavi de moun; lavi tibebe a ak manman li. Anpil fwa lè manman  an jwenn moun pou ede li, l ap chwazi kenbe pitit li, epi nou te la pou ede li.

Mwayen òganizasyon an itilize pou sove lavi ti pitit sa yo se yon liy èd nan tout eta a ki louvri 24 sou 24 ak moun ki pale anpil lang k ap reponn pou bay rekòmandasyon ki ka ede tifi/fanm ki nan pwoblèm. Nou bay asistans rapid, konfidansyèl, youn-a-youn gras a aksè nou genyen nan yon gran baz done ak òganizasyon pou voye yo. Nou ede yo pran pwòp desizyon yo k ap pi bon pou bebe yo ak yo menm, kit se ak konsèy, jan pou leve timoun, pwoblèm lasante, adopsyon, oswa mete tibebe yo a nan yon “Safe Haven” san moun pa bezwen konn afè yo. Tout koutfil konfidansyèl epi tout moun jwenn èd.

Depi nou te egziste nou  deja sove lavi 170 ti pitit yo te ka abandone epi kounye a yo gen yon demen.

Pouki w pa ede nou kontinye ak misyon pou sove lavi sa a?

W ap vrèman fè yon diferans…

Mwen ta renmen bay patisipasyon pa m!

$5,000 – Bay yon ti bebe inosan presye ki fèk fèt yon chans pou viv
$3,000 – Liy èd nan tout eta a ki louvri 24 sou 24 ak yon baz done pou rekòmande òganizasyon (nou resevwa plis pase 1 000 koutfil pa ane)
$2,000 – Jwenn yon (1) tifi/fanm ansent avan sitiyasyon li vin twò grav
$1,500 – Kanpay sansibilizasyon nan tout eta a (edikasyon sou piblikasyon, feyè, DVD)
$1,000 – Jwenn ak soutni tifi/fanm ansent avan sitiyasyon yo vin twò grav
$ 500 – Efò Safe Haven pou pledwaye
$ 350 – Yon antèman diy pou yon tibebe yo te abandone
$ 150 – Bezwen esansyèl tibebe ki fenk fèt la

 

  • $0.00
  • Ou ka rele nou pou anile oswa chanje sa nenpòt lè.
  • Si kado sa a se nan memwa oswa lonè yon moun, tanpri ba nou enfòmasyon sa a pi ba a.
  • Tanpri voye fè m konnen ou resevwa kado m nan bay:

Nou respekte enfòmasyon prive ou epi nou p ap pataje okenn nan enfòmasyon ou ba nou yo ak lòt moun ni nou p ap pran oswa kenbe okenn enfòmasyon kat kredi.

Gloria M. Silverio Foundation – “A Safe Haven for Newborns” se yon òganizasyon prive  ki pa la pou fè benefis epi li pa peye taks daprè seksyon 501(c) nan Kòd Revni Entèn nan. Gloria M. Silverio Foundation bay kredi pou reklame dediksyon taks sou tout kado ou bay yo nan limit lalwa pèmèt sa.

Safe Haven thank you
Translate »