Ede nou kontinye sove lavi, tankou tibebe presye sa yo…

Gloria M Silverio Foundaton – “A Safe Haven for Newborns” se yon òganizasyon 501(c)3 nan Florida ki pa la pou fè benefis. Se sou don ak sibvansyon nou depann pou kontinye ak aktivite pou sove lavi timoun nan tout eta Florida. Sa vle di sipò ou ede nou anpil pou reyalize misyon nou ki se sove lavi ti pitit sa yo ak ede tifi ak fanm ansent ki gen pwoblèm epi ki nan bezwen.

Kit ou se yon moun k ap sipòte “A Safe Haven for Newborns” depi lontan oswa se premye w ap fè yon don, n ap di w yon gwo mèsi nan non chak ti pitit nou sove epi ki vin gen yon demen kounye a. Nou itilize tout don nou ranmase pou nou ka ede tifi ak fanm ansent ki gen pwoblèm ak pou sipòte liy èd A Safe Haven for Newborns nan ki gen moun ki pale anpil lang k ap reponn telefòn yo 24 sou 24 pou bay rekòmandasyon. Epi tou don sa yo ede nou ak jefò nou pou pote èd pou kominote yo. Nou ap sove lavi moun.

Tanpri ekri chèk oswa manda ou nan non:

Gloria M. Silverio Foundation

epi voye li pa lapòs nan adrès:

Gloria M. Silverio Foundation
“A Safe Haven for Newborns”
6801 N.W. 77th Avenue, Suite # 404
Miami, Florida 33166

Si w ta renmen fè yon don nan memwa oswa lonè yon moun ki enpòtan pou ou,tanpri ba nou enfòmasyon an.

Nou respekte vi prive ou epi nou pa p pataje okenn nan enfòmasyon ou ak lòt moun.

Gloria M. Silverio Foundation – “A Safe Haven for Newborns” se yon òganizasyon prive  ki pa la pou fè benefis epi li pa peye taks daprè seksyon 501(c) nan Kòd Revni Entèn nan. Y ap retire taks pou tout kado ou bay Gloria M. Silverio Foundation nan mezi lalwa pèmèt sa.

Translate »